QUESTION: Eske se vre ke Granmoun yo eshwe?

Published: Mon, 06/15/09

Jodi a se anivese lamo 3 mizicien nan Barikad Crew
Dade, K-Tafalk, ak Deja-Voo

Fanatik ou pa, fok ou RESPEKTE mouvnan sa-a
Ou ka fe komante, gade video ak foto Barikad sou
http://www.BCForLife.com

Semen pase-a, pandan mwen Ayiti,
mwen tande yon ti gason katran (4 years old),
Cedrick, ki di, "ZIZIRIT Pi Red"

Maten-an, pandan m-ap tande
Barikad Crew kanaval "Toup Pou Yo",
Mwen tande nan chante-a "ZIZIRIT Pi Red"

Che de poul leve sou mwen
Mwen sonje Cedrik,
mwen sonje tou sa ke-m te we sou chandmas
jou enteman Ti Mesye Barikad yo.

Anpil moun te la,
anpil jenn gason ak jenn fi
abiye tout an wouj e blan
yo tout te vini pou RESPEKTE

Ou ka we tout foto yo sou
http://www.BCForLife.com

Pandan anteman-an gen nou moun ki pran mikro-a
li di "Nan Non Prezidan Preval"
De pi se jenn moun sou chandmas rele:
"NON, nou pa vle Preval, nou pa vle Preval"

Mwen sezi, an verite, mwen sezi

RAP Creole la se yon mouvman li ye

Mwen pa pral chita la-a pou-m di-w ke
mwen konprann tout sa Rap Creole reprezante
mwen pap chita la-a pou-m ka di ke
mwen konprann fristrasyon moun k-ap chante yo

Men, mwen respekte li
mwen rekonnet fos li

Si ou nan posisyon pouvwa an Haiti epi
ou pa rekonet ke jenes la pa satisfe
sa vle di ke de je-w pete
e de fey zorey ou, ou chita sou yo.

Si ou tande Rap Creole
w-ap tande mo tankou "Granmoun Yo Eswhe"
Avek anpil lot mo ki soti nan boush jenn yo
ki, atrave shante yo, fe-w we kleman ke
yo ENEVE avek DIRIJAN yon peyi (HAITI)
ki ta sipose, nan moman sa-a nan listwa,
yon model pou tout ras nwa nan le mond antye

Eske se vre ke Granmoun yo eshwe?
Kisa nouvel generation an ap remet nan moman?

Etidyan ak inivesite nan la ri
Yo ap trase ekzamp pou ti generation k-ap vini-an
Yo ap manifeste mekontantman yo
Yo nan voye wosh
Boule kawotchou
Kraze mashin lot sitwayen ki pa fe yo anyen
anpeshe lot sitwayen shache pen kotidyen yo

Si se vre granmoun yo eshwe
nou pa dwe repete mem ere gran mounn sa yo
Fe yon lot wout
trase nouvo ekzamp
pou nou pa eshwe tou

Pa pou mwen non
cheve-m komanse blansh
trase bon ekzamp pou Cedrick
Ti nonm katran-an
pou ti pitit pa-w la
pou ti pitit ou poko fe-a

Si yo pa kite bon examp pou nou
nou dwe shashe konnen ki sa ki bon
pou nou ka kite bon exanp pou pi piti yo

Ti mesye,
Ti medam,
se tou pa nou wi,
fet atansyon pou Cedrik pa di
NOU ESHWE TOU

Kreyol pale, Kreyol konprann

Mwen rele Woodring Saint Preux
se mwen menm ki di sa

P.S.

Mwen pa kwe mwen di anyen la-a pou fe-w fashe
si ou ta fashe, re li-l anko, w-ap konpran

Si ou gen komante poste li la-a
http://www.bcforlife.com/post.php?do=reply&id=967

Respe pou Barikad Crew
Sa ki ale, sa ki la
ak tout lot ki shante fistrasyon pep la